top of page
Student-taking-online-class.jpg

FPL Academy

Sa'w aprann lekòl yo pap sifi pou reyisi nan lavi. Ou riske pase vi'w ap depoze CV pou jwenn travay.  FPLA ap montre'w lòt fason ou ka vin yon sitwayen otonòm grasa teknoloji. Nan 90 jou nap mete'w sou PIK ou!

Digital Business Entrepreneur Masterclass

NOUVEL SESYON : 07 NOVANM 2022

EKONOMIZE $100* LEW ENSKRI

AVAN 30 SEPTANM

$249 | PEYE $149

X

*Valab 200 moun max. 

Kèk nan pwofesè nou yo...

Tout pwofesè nou yo se ekspè nan domèn yo ki gen anpil eksperyans. Tout se antreprenè ak pwofesyonèl ki konnen enpòtans pou transmèt bonjan konesans, mwayen ak zouti efikas y’ap bezwen pou reyisi avni yo.

Metye ak konpetans k'ap mennen aktyèlman

Pwogram Marketing Digital la fèt pou etidyan ak pwofesyonèl ki ta renmen konnen kijan pou yo vann tèt yo ak biznis yo pandan y’ap itilize teknoloji espesyalman rezo sosyo. Li enpòtan pou konnen fè pwomosyon pou bizniz pa vle di sèlman bay piblisite nan radyo ak televizyon.

Si’w chwazi vi’n antreprenè, w’ap bezwen konnen kèk prensip biznis epi devlope kalite k’ap ede’w pran bon desizyon. Business Intelligence, Networking ak Problem Solving se kèk pami anpil konpetans ki endispansab pou reyisi nan biznis

Non sèlman ou dwe mete’w ajou ak nouvo teknoloji yo. Anplis de sa ou dwe konnen kijan pou’w fè kontak epi swaye janw pale. Se pou tèt sa li enpòtan pou’w gen yon bon Network epi amelyore kapasite’w pou byen kominike.

Sign me up!

Mwen ta renmen enskri. Voye plis detay ak silabis la pou mwen svp.!

Mèsi pou konfyans ou. Wap resevwa repons nou nan adrès emel ou mete a. Tanpri verifye bwat spam ou si’w pa jwenn li nan 24 è.

FPL ACADEMY - COPYRIGHT - 2022

bottom of page