top of page

Kijan Pou Enskri?

$50/7000 Gd/Ane

Peye yon sèl frè pa klas pou ane a
Disponib :
7/7 - 24/24

Ou pa gen pou peye ni pa mwa ni peye enskripsyon. Yon sèl vèsman pou tout ane a epi pitit ou ap ka swiv tout kou yo anliy nan klas li ye a.

Platfòm FPL Academy pèmèt elèv yo swiv kou yo anliy san sa pa mande anpil traka. Nòmalman elèv ki gen mwens ke 12 zan yo ap bezwen sipèvizyon yo paran adilt. Li pa janm pridan pou kite yon minè devan yon odinatè oubyen aparèy teknolojik poukont li.

​

Pou kòmanse, rezève plas pitit ou a san pèdi tan paske. Dapre MENFP, gen anviwon 3.5 milyon elèv nan klas fondamantal ak nouvo segondè. Malerezman platfòm nou an se anviron 100000 timoun li ka resevwa pou kounye a. Anfèt se 10000 elèv pa klas nou aksepte annatandan.

​

Etap pou enkri yo senp. Wap soumèt enfòmasyon sou timoun nan epi apresa wap peye frè enskripsyon an.

MEN ETAP POU ENSKRI

​

  • Klike sou lyen ENSKRI LA pou anpli fòmilè a

  • Antre enfòmasyon sou timoun nan

  • Wap resevwa enfo pou fè pèman nan email konfimasyon an

  • Peye frè a via “Depo labank”, “Kat Kredi” ou “Moncash”

  • Voye konfimasyon pèman poun ka aktive kont pitit ou a

  • Apresa ou mèt al sou platfòm nan poul komanse swiv kou

bottom of page