top of page
Cours en ligne

Pwogram Kou Nou Yo

Metodoloji Nou Anseye

Kou Anliy

Pwogram nou anseye yo chita sou metodoloji kote anseyan ap ede jèn yo devlope yon lespri kreyatif epi toujou ap chèche kijan yo ka amelyore anvironman yo. Tout Pwogram yo disponib Anliy.

Leson yo fòse timoun yo poze kesyon sou bagay ki fèt déjà yon fason pou chèche kijan yo ka inove.

Notasyon

Kou sa plis mete aksan sou travay ansanm olye pou bay enpòtans sou rezilta pesonèl. Timoun yo pa evalye sou baj sa yo memorize. Nan kou sa yo, pwofesè a se gid k’ap ede timoun yo dekouvri matyè l’ap anseye a. Konsa yo pa pedi yo pakèt tan ap memorize pou yo ka resite apresa.

Entèraksyon

Pwofesè k’ap anseye nan klas la pa poukòl. Li gen yon pakèt lot k’ap asiste’l nan kou a pa mwayen videyo san konte live webinar y’ap fè.

Kou yo fèt nan lang Kreyòl, lang tout ti ayisyen konprann. Timoun yo gen aksè ak lòt enfòmasyon sou kèk sit kou ki ka ede yo pibyen konprann

bottom of page