top of page

7 Ane Fondamantal

Nan objektif pou ajiste pwogram Ministè a ak ti rès tan ki rete pou ane akademik la fini, nou deside mete 5 pwofesè ansanm pou prepare yon pwogram ki adapte e ki ap pèmèt elèv yo byen asimile konesans ak konpetans yap pran pandan kou yo. Tout kou yo ajiste pou fini nan 6 mwa san konte revizyon ak egzamen. Pou chak kou elèv yo ap jwenn yon silabis ki gen objektif, egzèsis, lyen pou rechèch ak peryòd kap gen live sesyon. Nou rekòmande elèv swiv 2 matyè chak jou a rezon de 2 èdtan pa matyè.


Men lis matyè pou 7 ane fondamantal :

  • Matematik

  • Syans Eksperimantal

  • Syan Sosyal

  • Kreyòl

  • Anglè

  • Espayòl

  • Fransè

  • Antreprenarya

Platfòm FPL Academy sa mete aksan sou konpetans ki endispansab elèv yo ta dwe genyen epi li fikse kèk objektif esansyèl pandan lap rann kou yo agreyab e fasil pou asimile.

Pwogram 7AF
bottom of page