top of page

Antreprenarya

Aprann fè biznis nan lekòl ka chanje atitid ak fason etidyan yo wè antreprenarya dapre (Galloway et Brown 2002). Anplis rapò 2021 OCDE met deyò ki rele « Future of Education » di li enpòtan pou reveye kapasite jèn yo pou yo inove, pou yo kreyatif. Konsa, edikasyon sou biznis ak inovasyon ap favorize timoun yo vi’n kreyatif nan jwennn solisyon ak nouvo pwodui pou mache a.(Miller, 1983 ; Covin et Slevin, 1989). Nan yon etid ki fèt an 2012 nan Wharton School of Business avèk 11 000 etidyan ki diplome, pwofesè Ethan Mollick, ko-otè etid sa, dekouvri ke etidyan ki al kreye pròp biznis yo apre inivèsite parèt pi ere e yo gen plis kontròl sou lavi yo. Se sak fè anpil lekòl ak inivèsite tankou Harvard, Wharton High School, Collins Middle School, Yale ak MIT deside anseye antreprenarya yon fason pou byen prepare jèn yo apre yo fini lekòl.


Nou panse li enpòtan tou pou kòmanse anseye kèk nosyon sou antreprenarya nan lekòl yo pou elèv yo ka konn enpòtans fè biznis e pou yo ka vin pi otonòm e itil peyi yo lè yo gran.

Pwogram Antreprenarya
bottom of page