Nouvo Segondè 1 (NS1)
Nan objektif pou ajiste pwogram Ministè a ak ti rès tan ki rete pou ane akademik la fini, nou deside mete 5 pwofesè ansanm pou prepare yon pwogram ki adapte e ki ap pèmèt elèv yo byen asimile konesans ak konpetans yap pran pandan kou yo. Tout kou yo ajiste pou fini nan 6 mwa san konte revizyon ak egzamen. Pou chak kou elèv yo ap jwenn yon silabis ki gen objektif, egzèsis, lyen pou rechèch ak peryòd kap gen live sesyon. Nou rekòmande elèv swiv 2 matyè chak jou a rezon de 2 èdtan pa matyè. Sa vle di anviron 4 èdtan pa jou
Men lis matyè pou NS1
Matematik
Syans Eksperimantal
Syan Sosyal
Kreyòl
Anglè
Espayòl
Fransè
Antreprenarya
Platfòm FPL Academy sa mete aksan sou konpetans ki endispansab elèv yo ta dwe genyen epi li fikse kèk objektif esansyèl pandan lap rann kou yo agreyab e fasil pou asimile.